Gen espwa nan tan sa a. Aktyèlman gen plis pase 125 milyon moun nan Etazini ki pran vaksen COVID-19 la. Avèk plis moun k ap pran vaksen an, nou gen espwa pou lavi a retounen nan nòmal.

Gen twa vaksen ki gen Otorizasyon Itilizasyon Ijans (EUA) nan Food and Drug Administration (FDA). Vaksen Moderna ak Pfizer te resevwa otorizasyon nan mwa Desanm 2020 ak yon vaksen Johnson & Johnson (Janssen) fè te vin disponib nan fen Fevriye 2021. Tout twa vaksen say o disponib nan Tufts Medical Center’s Vaccine Clinic. Vaksen J&J/Janssen nan bezwen yon sèl dòz pandan Pfizer ak Moderna bezwen de dòz. Yo bay dòz vaksen Pfizer a nan espas 21 jou epi yo bay vaksen Moderna nan espas 28 jou. Yo otorize vaksen Pfizer a pou ijans pou moun ki gen laj 12 an ak pi gran. Yo otorize vaksen Moderna ak J&J/Janssen nan pou moun ki gen laj 18 ane ak pi gran.

Tout vaksen yo trè efikas nan tout popilasyon yo te etidye yo. Ou pral kapab chwazi si w vle pran yon vaksen mRNA (Pfizer oswa Moderna) oswa vaksen Johnson & Johnson (Janssen). Si w chwazi vaksen mRNA, sa w pral pran an pral depann sou disponiblite l nan jou ou antre nan Klinik Vaksen nou an.

Non, ou paka devlope maladi COVID-19 la nan okenn nan vaksen yo ni vaksen an paka afekte rezilta yon COVID-19 PCR oswa tès antijèn.

Revizyon FDA sou vaksen yo te konplè ak rijid, e yo p at sote okenn pwosesis pou revize sekirite vaksen yo. FDA a te deside vaksen yo te atenn estanda sekirite ak efikasite ki baze sou done ki valab aktyèlman nan plis pase 70,000 volontè divès, e yo te santi avantaj vaksen an te depase risk efè segondè yo konnen yo. FDA ak CDC te mete yon poz sou administrasyon vaksen J&J (Janssen) an an Avril akoz yon ti kantite moun ki te gen boul san kaye ki grav ak kantite platlèt yo ki ba apre yo te fin pran vaksen an. Apre yon revizyon konplè, CDC te konseye pou yo rekòmanse bay vaksen J&J (Janssen) nan, men avèk yon avètisman sou risk kondisyon sa a ka rive, espesyalman nan fanm ki gen laj 18 ak 49 ane. Yo pa wè risk konsa nan lòt de vaksen yo.

Non. Materyèl jenetik ki nan vaksen COVID-19 la pa chanje oswa aji nan DNA a nan okenn fason. Tout vaksen COVID-19 yo travay avèk defans natirèl kò a pou devlope iminite san danje pou maladi.

Efè segondè yo rapòte plis pou tout vaksen COVID-19 yo se doulè nan plas vaksen an ansanm ak sentòm tankou grip, ki gen ladann fatig, kò fè mal, frison oswa lafyèv apre vaksen an. Pou Pfizer ak Moderna, efè segondè yo te pi komen apre dezyèm dòz vaksen an e se moun ki pi jèn ki te genyen yo. Sentòm sa yo te pase byen vit apre kèk jou yo te fin resevwa vaksen an. Efè segondè yo fè nou konnen kò a a devlope pwoteksyon kont viris la.

Jiskaprezan tout moun ki gen reyaksyon alèji ak vaksen an rekipere byen vit. Risk pou gen reyaksyon alèji a pa anpil e li sanble ak reyaksyon alèji ki gen rapò ak tout lòt medikaman ak vaksen yo.

Wi. CDC rekòmande pou moun ki te enfekte ak COVID-19 la pran vaksen an. Paske iminite ki nanvaksen an sanble pi fyab pase iminite natirèl enfeksyon an. Ou ka chwazi pou w retade vaksinasyon an jiska 90 jou apre enfeksyon an, paske ou ka gen konfidans ke iminite ou genyen nan enfeksyon an pral dire lontan. Tanpri tann jiskaske ou soti nan izolasyon enfeksyon COVID-19 la pou w ale nan yo kote yo bay vaksen an.

Wi, asire pou w retade vaksinasyon w jiskaske ou soti nan izolasyon an, pou w pa amezi pou w kontamine lòt moun ankò. Tanpri pwograme dezyèm dòz la touswit apre ou soti nan izolasyon e depi li gentan gen omwen 21 jou apre premye dòz vaksen Pfizer a oswa omwen 28 jou apre premye dòz vaksen Moderna.

Wi. Kèlkeswa w ap eseye pou w ansent oswa ou ta renmen vin ansent nan lavni, pa gen prèv ke vaksen COVID-19 la bay okenn pwoblèm nan gwosès, tankou devlopman plasennta. Anplis, pa gen okenn prèv ki montre pwoblèm fètilite se yon efè segondè okenn vaksen, enkli vaksen COVID-19 yo. Menm jan ak tout vaksen yo, syantis yo ap etidye vaksen COVID-19 yo ak anpil prekosyon pou efè segondè yo kounye a e yo pral kontinye etidye yo pou plizyè ane.

Wi. Moun ki ansent yo gen pi gwo risk pou yo malad grav nan COVID-19 la. Pou rezon sa a, CDC, Society for Maternal- Fetal Medicine ak American College of Obstetricians and Gynecologists fòtman rekòmande pou moun ki ansent gen aksè nan vaksen COVID-19 yo. Yon konvèsasyon ak jinekològ oswa enfimyè w ka ede w pran yon desizyon. Pou plis enfòmasyon sou vaksen COVID-19 yo ak gwosès, ale isit la.

Wi. CDC ak Society for Maternal-Fetal Medicine fè konnen pa gen okenn rezon ki fè w kwè vaksen an ka afekte sekirite lèt tete a. Pou plis enfòmasyon ale isit la.

Non, deklarasyon alèji/prekosyon yo difere nan chak vaksen. Moun ki fè alèji ak Polyethylene Glycol (PEG) dwe resevwa vaksen Pfizer oswa Moderna. Moun ki fè alèji ak polysorbate pa dwe resevwa vaksen J&J/Janssen nan. Si w te gen yon reyaksyon alèji grav oswa imedya ak yon premye dò vaksen Moderna oswa Pfizer, ou ka resevwa vaksen J&J/Janssen nan nan dezyèm dòz ou a oswa vise vèsa. Li enpòtan pou w diskite sa ak doktè premye swen w. Lòt kalite istwa alèji, tankou yon reyaksyon alèji imedya ak yon lòt vaksen oswa terapi enjeksyon, oswa yon istwa anafilaksis akoz nenpòt ki koz konsidere pa CDC tankou yon prekosyon. Moun ki gen reyaksyon sa yo dwe resevwa vaksen yo, men yo dwe obsève yo pou 30 minit (olye de 15) apre chak dòz vaksen yo. Reyaksyon alèji (tankou reyaksyon alèji grav) ki pa gen rapò ak vaksen oswa terapi enjeksyon (tankou reyaksyon alèji ak manje, bèt, venen alèji ak latèks oswa anviwonman, oswa medikaman oral ki gen ladann ekivalan medikaman enjeksyon) pa yon kont-endikasyon oswa prekosyon pou vaksinasyon avèk vaksen COVID-19 yo. Pou plis enfòmasyon, gade CDC Vaksen & Iminizasyon CDC yo.

Wi. Pa gen reyaksyon oswa entèaksyon ant medikaman oral ak vaksen yo.

Wi. Etid yo montre vaksen yo efikas anpil nan anpeche maladi COVID-19 nan moun ki pran vaksen an. Vaksen yo efikas tou nan anpeche enfeksyon ki pa gen sentòm. Lè moun ki pran vaksen yo devlope enfeksyon, valè viris ki nan sekresyon yo pi piti. Anjeneral, sa vle di vaksen yo pwoteje non sèlman oumenm men lòt moun tou.

CDC te bay konsèy nan dat 16 Me 2021 pou moun ki pran tout vaksen yo pou COVID-19 ki montre yo pa gen danje pou yo fè prèske tout bagay san yo pa mete yon mask. Yo konsidere ou vaksine konplètman de semèn apre ou fin resevwa dezyèm dòz vaksen Pfizer oswa Moderna yo , oswa de semèn apre ou fin resevwa yon sèl dòz vaksen J&J/Janssen nan. Règ Leta, lokal ak espesifik biznis yo toujou aplike, e ou dwe espere pou m mete yon mask nan plizyè anviwonman pandan yon bon tan. Pandan gid pote mask CDC a vle di yon chanjman modevi pou plizyè moun, li enpòtan pou w remake gid sa a pa aplike nan anviwonman swen sante. Nan Tufts Medical Center, nou kontinye bezwen teste anplwaye nou yo, pasyan ak vizitè yo nan antre lopital nou yo ak mete mask nan figi nou toutan menm si nou vin pran tout vaksen yo.

The Massachusetts Department of Health is developing a plan to vaccinate everyone in the state who wants to be vaccinated. Doing so will take several months. They have prioritized certain groups including health care workers, first responders, those over 75, etc. To see the state’s latest timeline, go here (mass.gov/covidvaccine).  

Social media can easily and quickly spread information, including false information. It is always important to check the source of information. The CDC has provided excellent and trusted resources for questions about the current COVID-19 vaccines here; information from the FDA in multiple languages can be found here and is also very helpful. Your doctor can also talk to you more about the vaccine.

There are no differences in travel guidelines or restrictions based on vaccine status. Please check the latest travel guidelines from the state.

Depatman Sante Piblik eta a te bay direktiv pou ki lè moun ka pran vaksen. Moun nan gwoup Faz 1 ak Faz 2 ka pran yon vaksen kounye a. Ou kapab jwenn plis detay sou ki lè ak ki kote pou w pran vaksen an nan https://www.mass.gov/covid-19-vaccine.

Medya sosyal ka pwopaje enfòmasyon byen vit ak byen fasil, enkli enfòmasyon ki fo. Li toujou enpòtan pou tcheke sous enfòmasyon an. CDC te bay bonjan kalite resous pou kesyon sou vaksen aktyèl COVID-19 yo isit la; nou kapab jwenn enfòmasyon nan FDA nan plizyè langa isit la e li byen itil tou. Doktè w kapab apele avèk ou plis sou vaksen an. Tanpri vizite www.Tufts Medicine.org/covidvaccine pou w jwenn videyo ak lòt enfòmasyon nan plizyè langaj.

Paske Etazini toujou wè go nivo aktivite COVID-19, espè sante piblik eta, nasyonal yo kontinye ankouraje Ameriken pou evite toude vwayaj dometik ak etranje. CDC dènyèman te ofri nouvo gid vwayaj pou moun ki vaksinen yo isit la. Kèk eta nan Etazini te ajiste restriksyon vwayaj yo. Tcheke direktiv pou eta w ap vizite a. Epitou tcheke isit la pou w jwenn dènye direktiv vwayaj nan eta Massachusetts.